Add parallel Print Page Options

29 Moun ap soti alès kòm alwès, y ap soti nan nò ak nan sid pou vin manje sou tab nan Wayòm Bondye a. 30 Gen moun ki nan dènye plas nan lavi sa a k ap nan premye plas nan Wayòm Bondye a. Gen moun ki nan premye plas nan lavi sa a k ap nan dènye plas nan Wayòm Bondye a.”

Jezi gen pou l mouri nan Jerizalèm

(Mat 23:37-39)

31 Menm lè a, kèk Farizyen pwoche kote Jezi, yo di li: “Chape poul ou! Pati kite zòn nan, paske Ewòd vle touye w.”

Read full chapter