Font Size
Lik 13:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 13:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Non, se pa paske yo te fè plis peche. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.”
Yon pyebwa ki pa itil anyen
6 Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Yon nonm te plante yon pye fig nan jaden li. Yon lè, li vin chache fig nan pye fig la, li pa jwenn anyen. 7 Li rele sèvitè ki te responsab pou pran swen jaden an, li di l: Sa fè twazan depi m ap vin chache fwi sou pye fig sa a m pa janm jwenn. Koupe l jete! Se gaspiye l ap gaspiye tè kote l plante a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International