Add parallel Print Page Options

Yon pyebwa ki pa itil anyen

Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Yon nonm te plante yon pye fig nan jaden li. Yon lè, li vin chache fig nan pye fig la, li pa jwenn anyen. Li rele sèvitè ki te responsab pou pran swen jaden an, li di l: Sa fè twazan depi m ap vin chache fwi sou pye fig sa a m pa janm jwenn. Koupe l jete! Se gaspiye l ap gaspiye tè kote l plante a. Men sèvitè a reponn: Mèt, bay pye fig la yon ane ankò pou nou wè. M ap fouye twou toutotou li epi m ap mete fimye nan rasin ni.

Read full chapter