Font Size
Lik 14:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 14:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Okontrè, lè yo envite w nan yon festen, al chita nan yon plas ki pa twò enpòtan. Konsa, lè moun ki te envite w la va vini, l a di w: Zanmi m, vin chita bò isit nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon onè pou ou devan tout moun ki chita sou tab la avè w yo. 11 Paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”
Ou ap jwenn rekonpans ou
12 Apre sa Jezi pale ak Farizyen ki te envite l la, li di li: “Lè ou ap fè fèt, kit se yon ti fèt, kit se yon gwo fèt, pa sèlman envite zanmi w, frè w, fanmi w, vwazen w yo ki rich. Yon lòt lè yo ka rann ou laparèy.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International