Add parallel Print Page Options

16 Jezi di li: “Yon nonm t ap ofri yon gwo festen. Li te envite anpil anpil moun. 17 Lè lè a te rive pou fèt la kòmanse, li voye sèvitè li al di moun li te envite yo: Nou mèt vini kounye a! Tout bagay fin pare. 18 Olye pou yo ta vini, tout envite yo tonbe prezante eskiz. Premye a di: Mwen fèk achte yon teren. Fòk mwen al vizite li. Tanpri eskize m.

Read full chapter