Font Size
Lik 14:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 14:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Lè sèvitè a tounen lakay, li rakonte mèt li tout sa envite yo te di. Mèt kay la pa t manke fache. Li di sèvitè a: Ale vit nan tout lari nan vil la. Ranmase tout pòv yo, tout kokobe yo, tout avèg yo ansanm ak tout moun k ap bwate yo mennen vini.
22 Lè sèvitè a fini, li di mèt kay la: Mèt, mwen fè tout sa ou te di m fè a men, gen plas vid toujou. 23 Lè sa a mèt la di sèvitè a: Ale nan tout ti koridò yo ak nan tout ti chemen yo. Tout moun ou jwenn di yo pou yo vini, paske mwen vle kay mwen an ranpli nèt.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International