Add parallel Print Page Options

“Lè yo envite w nan yon fèt maryaj, pa prese al chita nan plas donè. Ou pa janm konnen si yo pa t envite yon moun ki pi enpòtan pase w toujou. Moun ki te envite nou an ap vin kote w, l ap di w: Bay moun sa a plas ou a. Lè sa a, ou ap anbarase, poutèt ou ap oblije al chita nan plas ki pa tèlman enpòtan.

10 Okontrè, lè yo envite w nan yon festen, al chita nan yon plas ki pa twò enpòtan. Konsa, lè moun ki te envite w la va vini, l a di w: Zanmi m, vin chita bò isit nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon onè pou ou devan tout moun ki chita sou tab la avè w yo.

Read full chapter