Add parallel Print Page Options

Istwa konsènan de pitit gason

11 Apre sa Jezi di: “Yon nonm te gen de pitit gason. 12 Pi piti a nan de gason yo di papa l: Papa, ban m pòsyon pa m nan byen w yo. Epi papa a separe byen l yo ant mesye yo.

13 Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch.

Read full chapter