Add parallel Print Page Options

15 Jèn gason an vin asosye ak yon sitwayen nan peyi a ki ba l yon travay. Li voye l nan jaden li al bay kochon manje. 16 Grangou a te tèlman rèd, li swete li te ka manje enpe nan manje kochon yo. Men pèsonn pa t ba li anyen ladan yo.

17 Jèn nonm nan reyalize li t ap aji tankou moun fou. Li di nan panse l: Tout sèvitè k ap vann papa m jounen yo gen kont manje pou yo manje jis y ap kite rès. Alòske mwen menm m ap mouri grangou isit la, m pa ka jwenn manje.

Read full chapter