Add parallel Print Page Options

23 Vini avèk ti towo bèf gra a. Touye li vit pou nou ka manje, pou nou ka fete. 24 Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.

25 Pi gran pitit gason an menm te nan jaden. Etan l ap retounen sot nan jaden an, lè l rive pre kay la, li tande mizik k ap jwe ansanm ak moun k ap danse.

Read full chapter