Add parallel Print Page Options

27 Sèvitè a reponn: Frè w la retounen lakay epi papa w touye jenn towo bèf ki pi gra a, paske li rejwenn pitit gason n nan an bòn sante.

28 Gran frè a fè kòlè. Li refize antre pou selebre retou ti frè li. Lè papa a wè sa, li oblije soti vin kote l, li sipliye l pou l antre. 29 Men, li reponn papa l, li di: Mwen sèvi w tankou yon esklav pandan tout ane sa yo. Mwen pa janm dezobeyi lòd ou. Menm yon ti kabrit ou pa janm ban mwen pou m ta fete ansanm ak zanmi m yo.

Read full chapter