Add parallel Print Page Options

13 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[a] anmenmtan.”

Lalwa Bondye a pa ka chanje

(Mat 11:12-13)

14 Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan. 15 Men Jezi di yo: “N ap fè tèt nou pase pou moun k ap fè sa ki dwat devan je moun, men Bondye konnen vrè panse ki nan kè nou. Sa moun panse ki gen enpòtans bay Bondye degoutans nan kè li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:13 richès Oubyen “mamon”. Se yon mo arameyen ki vle di “lajan” osinon “richès”.