Add parallel Print Page Options

23 Pandan nonm rich la te kote mò[a] yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt. 24 Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!

25 Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri.

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:23 kote mò Literalman, “Hades”.