Add parallel Print Page Options

24 Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!

25 Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri. 26 Fòk mwen di w tou, gen yon gwo twou san fon ki separe nou ansanm ak ou. Sa fè, pa gen mwayen menm pou yon moun ta sot isit la al jwenn ou lòtbò a, ni pou yon moun ta sot kote ou ye a pou vin jwenn nou bò isit la.

Read full chapter