Add parallel Print Page Options

26 Fòk mwen di w tou, gen yon gwo twou san fon ki separe nou ansanm ak ou. Sa fè, pa gen mwayen menm pou yon moun ta sot isit la al jwenn ou lòtbò a, ni pou yon moun ta sot kote ou ye a pou vin jwenn nou bò isit la.

27 Lè sa a, nonm rich la di: Enben, si se pou sa, tanpri papa Abraram, voye Laza kay papa m sou latè. 28 Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri konsa a.

Read full chapter