Font Size
Lik 16:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 16:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
4 M konn sa m pral fè. M ap chache fè zanmi, dekwa pou lè m pèdi travay la zanmi sa yo ka resevwa m lakay yo.
5 Konsa, administratè a rele tout moun ki te dwe patwon an lajan, youn apre lòt. Li mande premye a: Konbyen ou te dwe mèt la? 6 Li reponn: Mwen dwe san (100) bidon[a] lwil. Administratè a di li: Men papye kontra w yo, chita la, degaje w vit ekri senkant (50).
Read full chapterFootnotes
- 16:6 bidon Mo Grèk la batous, li soti nan lang Ebre bath, se yon kantite anviwon 8 galon oubyen 22 lit konsa.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International