Add parallel Print Page Options

31 Nan jou sa a, si yon moun te sou tèt kay li, li pa fèt pou l desann al pran zafè li anndan kay la. Menm jan an tou, si yon moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò. 32 Se pou sa k te rive madanm Lo[a] la sèvi nou leson.

33 Nenpòt moun ki chache konsève lavi li, li va pèdi l. Men nenpòt moun ki dakò bay lavi li, li va konsève l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 17:32 madanm Lo Nou jwenn istwa madanm Lo a nan Jen 19:15-17, 26.