Font Size
Lik 18:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 18:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 M ap di nou sa: Lè pèseptè kontribisyon an fin priye, li tounen lakay li jis devan Bondye. Kanta pou Farizyen an, Bondye pa tande priyè li, paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”
Jezi resevwa timoun yo
(Mat 19:13-15; Mak 10:13-16)
15 Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 16 Jezi menm rele timoun yo vin jwenn li epi li di disip li yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske Wayòm Bondye a se pou moun ki tankou yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International