Add parallel Print Page Options

30 y ap resevwa anpil fwa sa yo te kite dèyè yo. Y ap resevwa anpil fwa lavalè depi nan lavi sa a. Nan lòt mond ki gen pou vini an menm, y ap resevwa lavi ki p ap janm fini an.”

Jezi pale sou lanmò li ankò

(Mat 20:17-19; Mak 10:32-34)

31 Apre sa, Jezi pran douz (12) disip li yo apa li di yo: “Men n ap monte Jerizalèm kounye a, se la tout sa Bondye te di pwofèt yo ekri konsènan Pitit Lòm nan pral akonpli. 32 Yo pral lage Pitit Lòm nan nan men payen yo. Yo pral pase l nan betiz, yo pral maltrete l epi krache nan figi l.

Read full chapter