Add parallel Print Page Options

36 Pandan Jezi t ap avanse sou Jerizalèm sou ti bourik la, anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la.

37 Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo. 38 Yo t ap di:

“Benediksyon pou wa a
    ki vini nan non Senyè a.[a]
Kè poze nan syèl la!
    Lwanj pou Bondye!”

Read full chapter

Footnotes

  1. 19:38 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:26.