Add parallel Print Page Options

42 Li di: “Si sèlman jodi a ou te kapab konprann, ou menm, bagay ki pou fè kè w poze? Men kounye a, je w pa kapab wè yo. 43 Paske gen yon tan k ap vin sou ou kote lènmi w yo va sènen w toupatou. Y ap fèmen w tankou anndan yon miray. Y ap kwense w nan tout direksyon. 44 Y ap detwi w nèt ansanm ak tout popilasyon k ap viv nan mitan w nan. Yo p ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t bay jou Bondye te vin pou l delivre w la enpòtans.”

Read full chapter