Add parallel Print Page Options

46 Li di yo: “Men sa Bib la di: Tanp mwen an fèt pou l yon kote moun vin lapriyè Bondye.[a] Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[b]

47 Chak jou, Jezi te nan tanp lan ap anseye moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo menm, ansanm ak doktè lalwa yo epi lidè yo nan pami pèp la t ap chache yon okazyon pou yo touye li. 48 Men li pa t fasil pou yo te rive fè sa paske tout pèp la t ap koute li ak atansyon. Yo te vrèman enterese nan sa li t ap di yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 19:46 Sitasyon sa a soti nan Eza 56:7.
  2. 19:46 Sitasyon sa a soti nan Jer 7:11.