Add parallel Print Page Options

10 Zanj lan di yo konsa: “Nou pa bezwen pè. Mwen vin anonse nou yon bòn nouvèl, sa pral pote lajwa pou tout pèp Izrayèl la. 11 Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi[a] yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo. 12 Men ki siy k ap fè nou rekonèt li: N ap jwenn yon ti bebe byen vlope epi kouche nan yon bwat an planch kote yo konn bay bèt manje.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:11 Mesi Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan vèsè 26 epi tou nan tout liv sa a.