Add parallel Print Page Options

Konsa, Jozèf te oblije kite Nazarèt tou, ti vil nan rejyon Galile a, pou l te ale nan rejyon Jide, nan yon lòt ti vil ki rele Bètleyèm, lavil wa David la. Se la Jozèf te oblije ale pou resanse, paske li te soti nan branch fanmi David. Jozèf ak Mari te resanse ansanm nan menm kote a, paske yo te gentan fiyanse. Lè sa a, Mari te gentan ansent. Pandan Jozèf ak Mari te nan lavil Bètleyèm pou resansman an, lè a te rive pou Mari akouche.

Read full chapter