Add parallel Print Page Options

47 Tout moun ki t ap tande repons li yo te etone devan konpreyansyon ak sajès li. 48 Lè manman l ak papa l te wè li, yo pa t manke sezi. Apre sa, manman l di l konsa: “Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Mwen menm ak papa w te enkyete anpil pou ou. Se pa ti chache nou gentan chache w.”

49 Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.”

Read full chapter