Font Size
Lik 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl[a] la.
Nouvèl nesans Mesi a rive jwenn kèk bèje
8 Nan menm nuit sa a, yon bann bèje te nan raje a toupre lavil Bètleyèm ap veye mouton yo. 9 Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè.
Read full chapterFootnotes
- 2:7 otèl Mo ki tradui “otèl” vle di yon chanm anplis nan yon kay pou vizitè yo desann, men se pa menm jan ak otèl yo nou konnen jodi a. Nan fanmi Jozèf, yo ta dwe genyen chanm siplemantè konsa kote vizitè konn desann.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International