Font Size
Lik 21:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 21:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki nan kè lavil Jerizalèm nan menm ta dwe kouri soti. Moun ki te nan jaden menm, pa ta dwe chache antre lakay. 22 Paske jou sa yo se jou kote Bondye pral jije pèp li a. Sa pwofèt yo te ekri yo nan Bib la pral rive vre. 23 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris, paske pral gen gwo dezolasyon sou peyi a. Bondye pral pini moun sa yo, paske li fache kont yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International