Add parallel Print Page Options

Nou pa bezwen pè

(Mat 24:29-31; Mak 13:24-27)

25 Pral gen siy k ap parèt nan solèy la, nan lalin nan, ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout moun lòt nasyon yo pral pran tranble. Yo p ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ak vag li yo k ap frape. 26 Moun gen pou endispoze, tèlman y ap pè, poutèt bagay ki pral rive sou latè. Epi puisans nan syèl yo pral tranble. 27 Apre sa, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.

Read full chapter