Font Size
Lik 21:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 21:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
4 Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.”
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mat 24:1-14; Mak 13:1-13)
5 Etan kèk moun t ap pale de jan tanp lan bèl, jan l byen dekore ak bèl wòch epi ak tout bèl kado moun te ofri bay Bondye, Jezi di konsa:
6 “Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International