Font Size
Lik 21:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 21:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a.[a] Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo. 9 Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.”
10 Apre sa, li di yo: “Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt.
Read full chapterFootnotes
- 21:8 Mesi a Literalman, “se moun nan”, sa vle di wa Bondye chwazi epi li voye a. Gade nan Lik 23:35, Mat 24:5 ak Mesi epi tou nan tout liv sa a.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International