Add parallel Print Page Options

Se pou konpòte w tankou yon sèvitè

24 Apre sa, yon diskisyon pete nan mitan apot yo. Yo bezwen konnen kilès nan pami yo ki pi enpòtan pase lòt. 25 Men, Jezi di yo: “Nan tout peyi kote moun yo pa konn Bondye yo, chèf yo se kòmande y ap kòmande. Moun ki chèf yo menm fè pèp la rele yo papa bonkè. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a.

Read full chapter