Font Size
Lik 22:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 22:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
34 Men Jezi reponn li: “Pyè, m ap di w yon bagay. Anvan kòk chante demen maten, ou ap gentan di ou pa konnen m twa fwa.”
Prepare pou tribilasyon
35 Apre sa, Jezi di apot yo: “Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy?”
Yo reponn li: “Nou pa t manke anyen.”
36 Epi li di yo: “Enben kounye a, si yon moun gen lajan, se pou l mache avè l; sa k gen manje, se pou l mache avè l. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yon nepe.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International