Add parallel Print Page Options

41 Jezi li menm avanse yon ti kras pi devan, yon distans yon moun te ka voye yon wòch, li mete ajenou, li kòmanse priye. 42 Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode[a] soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” 43 Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 22:42 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive.