Add parallel Print Page Options

42 Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode[a] soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” 43 Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li. 44 Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 22:42 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive.
  2. 22:44 Kèk kopi nan lang Grèk pa genyen vèsè 43 ak 44.