Font Size
Lik 22:45-47
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 22:45-47
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
45 Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn. 46 Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Jan 18:3-11)
47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International