Add parallel Print Page Options

46 Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”

Yo arete Jezi

(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Jan 18:3-11)

47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li.

48 Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?”

Read full chapter