Add parallel Print Page Options

Mesye yo te kontan anpil pou sa Jida te di yo a, epi yo te pwomèt li y ap peye l si l fè sa pou yo. Jida te dakò epi depi lè a li t ap veye yon okazyon lè foul la pa la pou l ede mesye yo arete Jezi.

Repa fèt Pak la

(Mat 26:17-25; Mak 14:12-21; Jan 13:21-30)

Jou fèt pen san ledven an vin rive. Se nan jou sa a pou, nan chak fanmi, Jwif yo te touye ti mouton yo pou fèt Delivrans lan.

Read full chapter