Font Size
Lik 23:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 23:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.”
3 Pilat poze Jezi kesyon. Li mande l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
Jezi reponn: “Se ou ki di li.”
4 Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International