Font Size
Lik 23:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 23:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Jan 19:17-27)
26 Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.
27 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi. 28 Men Jezi vire gade medam yo, li di yo: “Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo pito.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International