Add parallel Print Page Options

33 Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.

34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[a]

Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:34 Jezi di … ap fè a Gen kèk ansyen maniskri levanjil Lik la ki pa gen pawòl sa yo ladan yo.