Font Size
Lik 23:50-52
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 23:50-52
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Jan 19:38-42)
50 Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye. 51 Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli. 52 Jozèf ale kote Pilat, li mande pèmisyon pou l pran kò Jezi.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International