Add parallel Print Page Options

18 Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”

19 Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?”

Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. 20 Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa.

Read full chapter