Add parallel Print Page Options

32 Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”

33 Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. 34 Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.”

Read full chapter