Font Size
Lik 3:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 3:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
4 Se menm jan sa te ekri nan liv pwofèt Ezayi a:
“Gen yon vwa k ap pale byen fò nan dezè a:
Prepare chemen pou Senyè a.
Fè wout yo byen dwat devan l.
5 Tout vale yo gen pou konble,
tout gwo mòn yo ak kolin yo fèt pou vin plat.
Wout ki gen koub yo, nou dwe fè yo dwat,
epi chemen ki difisil yo fèt pou vin swa.
6 Tout moun gen pou yo wè jan
Bondye ap delivre nou!”[a]
Footnotes
- 3:4-6 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3-5.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International