Add parallel Print Page Options

17 Yo te ba li liv pwofèt Ezayi a, epi li louvri li nan kote pawòl sa yo ekri a:

18 “Lespri Senyè a sou mwen.
    Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la.
Li voye m vin di prizonye yo, yo libere,
    pou m di avèg yo yo kapab wè ankò.
Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.
19     Epi pou m anonse lè a rive
    pou Bondye montre konpasyon li.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:18-19 Sitasyon sa a soti nan Eza 61:1-2; 58:6.