Add parallel Print Page Options

26 Bondye pa t voye Eli lakay youn nan yo. Okontrè, se lakay yon vèv nan Sarepta, nan zòn Sidon Bondye te voye li.

27 Nan tan pwofèt Elize tou, te gen anpil moun nan Izrayèl ki te gen maladi lalèp. Menm youn ladan yo pa t jwenn gerizon nan men li. Se sèl Naaman, moun peyi Siri a, ki te jwenn gerizon.”

28 Tout moun yo nan sinagòg la te vin ankòlè lè yo tande Jezi ap di pawòl sa yo.

Read full chapter