Add parallel Print Page Options

Jezi geri bèlmè Simon Pyè a

(Mat 8:14-15; Mak 1:29-31)

38 Jezi menm te leve kite sinagòg la, li ale lakay Simon.[a] Bèlmè Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv, epi yo te mande Jezi pou fè kichòy pou li. 39 Jezi te kanpe kote malad la, li pase lafyèv la lòd, epi lafyèv la tonbe. La pou la, madanm nan leve epi li resevwa yo.

Jezi geri yon bann lòt malad

(Mat 8:16-17; Mak 1:32-34)

40 Pandan solèy t ap kouche, yo mennen tout malad ki t ap soufri ak tout kalite maladi, bay Jezi. Li te poze men l sou yo, youn pa youn epi li te geri yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:38 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan 5:3, 4, 5, 10.