Add parallel Print Page Options

41 Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.

Jezi ale nan lòt vilaj yo

(Mak 1:35-39)

42 Nan demen, Jezi kite kote l te ye a, li ale nan yon kote ki dezole. Foul la menm t ap chache li. Lè yo te jwenn li, yo t ap chache kwense li pou yo te ka anpeche l ale kite yo. 43 Men, li di yo: “Fòk m al anonse (bòn nouvèl) wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa menm Bondye te voye m.”

Read full chapter