Add parallel Print Page Options

10 Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou.

Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.”

11 Yo rale bato a atè sou rivaj la, yo kite tout bagay, epi yo swiv Jezi.

Jezi geri yon nonm malad

(Mat 8:1-4; Mak 1:40-45)

12 Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, yon nonm ki te gen tout kò l kouvri ak la lèp te rankontre ak li. Lè li wè Jezi, nonm nan lage kò l fas atè, li sipliye Jezi, li di li: “Mèt, si ou vle, ou kapab pirifye m.”

Read full chapter