Add parallel Print Page Options

16 Men, Jezi li menm rale kò li. Li ale nan yon kote ki pa gen moun, li al priye.

Jezi geri yon nonm paralize

(Mat 9:1-8; Mak 2:1-12)

17 Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad. 18 Se konsa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li.

Read full chapter